Finex House se yon kay ki resevwa pou yon ti bout tan fanm ak pitit yo, sitou fanm ki domaje ak fanm ka vann kò yo. Finex House genyen de ranp ki fèt ak siman, yo pèmèt chèz roulante rantre san problèm anndan kay la. Anndan kay la gen yon jak pou chèz roulante lan ka monte, desann san problèm. Finex House genyen aparèy pou kominike ak moun ki soud. Sèvis Finex House bay yo la pou tout moun kap sibi abi domestik.
Se twa fanm ki te konn sibi abi domestik ki te met tèt yo ansanm nan lanne 1983 pou te fonde Finex House. Deviz yo se «Mwen pa propriete pèsonn. » Misyon yo se resevwa pou yon ti bout tan fanm ki sibi abi domestik e bay yo sèvis yo bezwen. Sèvis Finex House ofri se :
- Chèz roulante antre soti, monte desann anndan kay la san problèm
- Li ka resevwa pou yon ti bout tan 32 moun paske li gen 32 kabann
- 24 sou 24 gen yon moun disponib pou pale si ou rele nimero (617) 288-1054
- Gen yon avoka ki akonpaye tout moun ki pral tribinal
- Gen yon moun ki pou ede ou jwen kay
- Yo ede ou brote
- Gen moun ki la pou ede jwen soulajman nan problèm ou
- Gen moun ki la pou bay konsèy sou edikasyon espesyal
- Gen moun pou defann dwa timoun
- Nou gen 12 bon pou ede ou peye kay ou “Section 8”
- Nou pale lang moun ki bèbè, Panyol, Vietnamyen, Fransè ak Kreyòl Ayisyen
- Nou pote sèvis al jwen fanm ki abize e ki bèbè nan kominote-a
- Gen group diskisyon pou aprann ou renmen tèt ou
- Gen twa kalite group pou ede paran pran responsablite yo
- Nou bay terapi pou moun ki gen problèm nan tèt yo “sikoloji”
- Gen terapi pou moun ki bwè alkohòl e ki nan dròg
- Gen sèvis pou grandèt
- E anpil lòt sèvis ankò
Met sousa, Finex House fè yon ti liv ki rele “Escape” yon liv pou fanm ki abize e ki kokobe. Pou plis enfomasyon kontakte:
Finex House
PO Box 300670
Jamaica Plain, MA 02130
617-436-2002
Fax 617-287-0553
finex@finexhouse.org